Kwen Powetik Kècho (31/05/2023).
Charabya... Tou dousman ou g on leman nan sous ou ki konvoke m ki fè m pèdi kran m vin san dan douvan w ayyysssss m ta mòde kochon gra w nan tibèf toufe m ta kale dekale pistach griye w machinen w akote pran pilon w ak kout manch pile tonmtonm nan fant kalalou w dezabiye w degaye pye w soufle zèb ou dejwe w pou m rejwe w banm entèvyou debou sou jenou avèk mikwo m nan bouch ou pou alsiyis fè w sou pou kout lang ou fè m mou kou chat plenn kout kouto san mak gouyad ofisyèl san plak m ap pran w pa bak pou m ka loreya plen katchim ou tabak wouze w avèk de twa kout koko m akak plede bobo w jwe twoubadou sou po w pou senti w ap fè kow ! kow ! pow ! pow pow ! tankou kout tanbou lè yon sèvitè fèy ap bay gonbo nan bitasyon jouk m al m onte sou do w pou m l ayite tankou bazilik nan kivèt blan w pou chandèl anm ap fè chika nan kafou demanbre w. Malherbe JOSEPH (Relem Moun) 31/05/2023...