Kwen Powetik Kècho (17/05/2023).

Di m non 🤔!

Ki kote w te ye, lè nan mizè l t ap trennen ?

Ki koz ou gen pwoblèm, paske l ap mennen.

Ki kote w te ye, lè l t ap manje pen l san bè ?

W ap di l nan djab, paske jodi a l s on limyè.


Ki kote w ye, lè l te konn al lekòl san manje ?

ki kote w te ye, lè ane Inivèsite l pa t ka peye ?

Ki koz jodi a w twouve l pa ta dwe nan plas sa,

jis w ap chèche devye l, di m non ! Poukisa ?


Pouki w toujou ap felisite l,

pandan w byen anvi touye l ?

Pouki w pale byen lè l la, depi l pa la se mal ?

epi kan l pale sou sa w toujou di l sa pa nòmal.


Di m non 🤔! èske w se desandan Jida oubyen Conzé ?

Ou pa konn santi w jennen, lè moun pran w pou moun serye ?

Ou pa konn kesyone tèt ou pou w reyalize w s on kansè ?

Sinon, sanble konsyans ou deja ap nouri nanm lisifè !


M ta swete w vin wè klè yon jou, pou w reyalize eta w ki vrèman toksik,

m ta renmen w vin moun, pou djòl ou sispann flite moun tankou chyen ki gen tik,

paske lang ou drive w nan labou ak fatra twòp, ou pran twòp pataswèl,

m swete w repanti ak konfese avan l twò ta, sinon se ou menm k ap wè l.

Malherbe JOSEPH

(Relem Moun)

17/05/2023, 1è P.M.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...