Konkou kwen powetik kècho (05/05/2023)
Yon lòt Ayiti...
(AN N CHÈCHE GEN REZON ANSANM...)
An n kòmanse sispann wè tèt nou avan n wè Ayiti,
nou bezwen Ayiti a, kote anpil ayisyen te kwè nan konbit,
Ayiti a, kote majorite ayisyen te kwè nan agrikilti,
kote katouch pa t konn ap chante pou dan ri pi mal pase pipirit.
Nou bezwen lòt Ayiti a, ki pa t fyè sèlman pou libète l sou papye,
men w te ka remake libète a sou vizaj chak pitit tè sa.
Yon lòt Ayiti, ki ka rekonpanse nofraje yo sou bato negriye a,
paske fason n drive libète n mete nanm esklav sa yo nan kaptivite.
Yon lòt Ayiti kote ayisyen p ap janm pè gade oken lòt pèp nan zye,
yon lòt ayiti kote otorite yo nan leta pral sispann ranpe tou kanpe.
Nan tan lontan ayisyen pa t konn nan plede koupe pyebwa pou fè chabon,
paske te gen gad forestye, depi yo kenbe w, w ap peye amand, w ap pran baton.
Moun pa t konn nan jete fatra nan lari, ni bati kay nenpòt kote pou yo rete,
lè lapli ap tonbe se dlo ase w te konn wè, kannal irigasyon yo pa t bouche.
Nou bezwen lòt Ayiti sa, men fòk li ta amelyore paske tan yo vin chanje,
n ap sèlman bezwen tounen nan pase n, pou n kopye sou kèk pwen fò pou n avanse.
Nou bezwen yon lòt Ayiti kote moso pen lenstriksyon an ap sispann yon liks,
kote gras kouran, gen kèk emisyon jodi a ki pa t ap janm pèdi valè devan nètfliks.
Nan tan pase yo, se leta ki te gen kontwòl bandi, men jodi a se bandi yo menm ki leta,
menm nan fim, nou pa t ap janm wè yon bagay konsa, ala traka papa!
Yon lòt Ayiti kote jèn entelektyèl ki fè etid klasik isit ap tou elijib pou inivèsitè aletranje,
yon lòt Ayiti kote deviz goud la pral sispann niche bounda dola.
Dayè, yo te konn chita sou menm tab e yo te gen menm pwa nan balans la,
se Ayiti sa pou n chèche, se Ayiti sa pou n retwouve pou n sispann santi n imilye.
Yon lòt Ayiti ki dekonsantre ak desantralize tout bon, nou t ap sezi wè Ayiti ki resisite.
Kote leta t ap sèl jij epi depatman yo t ap rantre nan yon konpetisyon san koken,
yon konpetisyon ki te ka chita sou pwòpte, sekirite, elektrisite, edikasyon, elatriye.
Lè sa patriyotis t ap resi soti nan liv pou l te vin chita nan kè chak grenn ayisyen.
Yon lòt Ayiti kote pwoblèm youn ap vin pwoblèm nou tout,
kote n ap sispann goumen kont tèt nou, kit li te linèt, kit ou te makout.
Paske esklav yo te gen sèl pati politik ak yon sèl deviz, Ayiti libète ou lanmò.
Ebyen, an nou chak sispann di :"Depi se pa mwen li pa bon" puiske nou tout ap gen tò.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
05/05/2023, 8è nan aswè.

Se yon bèl e yon bon tèks ki gen pwofondè, men m remake Otè a pran libète varye vè li yo jan l vle. Pa genyen yon inifòmite.
RépondreSupprimerM pa konn si m byen konstate sa m di a ni si sa kapab deranje.🤷
Bravo, Rele m Moun!👏👏👏