Kwen Powetik Kècho...



Krevas ...


M jwenn

yon sous

dlo fre

pou m pase

swaf an m

nan lanbe li 

ak lè m plonje

tèt flèch

kann kale m

andidan y


m santi m

ta yon kannari 

pou m charye

dlo sa 

san kite

ti gout 


pou m f on

boutèy tranpe

pou m kage

lè m anvi mete 

chalè bande m

sou twa wòch dife

sou twa pye l


nan tèt sous sa

g on bouch

ak de pwent

file byen kanpe


pou m miyonnen

avan dlo gaye

jouk l al wouze

bout kann an m


menm lè lapli

pa tonbe

depi l wè m

li gentan mouye

sous la gonbo


li bade veso m

pou m pa filange

lè krevas la

pral akeyi m


yon akèy

san parèy

fòtadi g on men

ki kenbe m


nan tèt levye m

k ap dirije m

nan chimen

kwense


anba yon son

k ap fè

koup koudoup 

koup koudoup


tankou zo

k ap deplase

anba vyann

venn foule


krevas sa

pa gen plas pou de

mezi longè m

mezi gwosè m

mezi dousè m


yon sous prive

pou m pase

swaf an m

wouze kann an m

jouk dòmi pran m.


© Malherbe JOSEPH

27 Dawout 2023...

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...