Kwen Powetik Kècho...
Kite m pale ak vè m...
Pa pale ak vè m pito w vin pale avè m
pa fè gwo kè ni pa vin tou pal anvè m
rete fèm m pral sakaje w avèk bri kè m
m pa t ap janm mande w libere m
ou fin mete m lib epi w bwè fyète m
ede m batay ou bere m pou w pyeje m
epi kou m pale w di m gen foli rime
se teyat m ap fè m s on desen anime
ò ! machwè m pòtre sann dife ki mouye
ou panse m sou ou poutan m ap pale ak vè m
m pa konn kote w soti vin kanpe nan baryè m
vin anmède m m tou deja plen pwoblèm
kounya menm moun pa ka fou anpè ankò
w ap pale pou kò w yo pa konprann y ap ba w tò
lè w pale avèk yo menm si yo konprann ou merite lanmò
tan pou sa pito m pale ak vè m yo chak jou
pou moun pa fè m lèmi toudenkou
oubyen al veye m nan fè nwa pou ban m kou
yon bwa alimèt gen vyann sou zo l pase m
li long tèt li wouj men se pa pase panse m
panse m se yon pansman lè rim yo blese m.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
8 Me 2023, 12è 30.

Commentaires
Enregistrer un commentaire