Kwen Powetik Kècho



Ou pa yon ka fou
Ou se yon kafou...

M konn fin ekri yon tèks, apre m fin li l,

m konn ap mande tèt mwen, poukisa m ekri l ?

paske m pa wè sans li, alewè pou m ta eksplike l,

m konn anvi efase l, m tand on vwa ki di m kite l.


Dèfwa sa n m pa pwofèt, m konn predi yon bagay,

m konn pè pale l, pou moun pa di m ap fimen pay,

dayè, menm mwen m konn ap doute sou tèt mwen,

epi se lè bagay la fin rive, m regrèt m te temwen.


Gen anpil moun ki pè pale oubyen ki pa chwazi pale,

akoz nou pral jije yo, joure yo e menm anvi elimine yo,

nou pral di yo fou poutan se bon mesaje yo ye,

yo g on richès lakay yo, inyorans anpeche n eksplwate.


Se pa tout sa w panse oubyen w di k ap konpreyansib tousuit,

pa gen anyen w panse oubyen w reve ki vini san yon rezon valab,

menm si w ta bay tèt ou yon limit rezonab, gen moun k ap toujou wè l derezonab,

se sa k fè w dwe rete enb, pa twò prese, evite eskonbrit.


Malherbe JOSEPH

(Relem Moun)

8 Me 2023, 2è apre midi.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...