Kwen Powetik Kècho (17/05/2023).

M ba w do...

M ba w do, se pa paske m te g on lanmou abolotcho,

ni paske m te jwe bòlèt avèk kè m epi santiman m fè loto.

M ba w do, byenke m p ap vire do m,

m pito rete swaf olye w toujou dlo m.


M ba w do, malgre sa fè m soufri anpil,

men pito sa, kounya m pral viv trankil.

M ba w do, m mare dan m di, paske w pa t konn valè m,

ou te refize konprann mwen, malgre w te konn tout ti sekrè m.


M ba w do nèt nèt nèt, malgre m ap pran repwòch,

anba lang fanmiy w, zanmi w, m ap pran kout wòch.

Kounya m sispann viv pou moun, 

ou pral sispann trete m soumoun.


M ba w do, paske m reyalize vizaj mwen te fè w pè.

M ba w do, paske lè w avèk mwen ou pa t janm fyè,

ou te toujou trete m tankou pye cheve nan bòl soup,

tandiske lanmou w te tas lò, pandan kè m te soukoup.


M ba w do, men w p ap ka ban m doum gaz nan do ankò,

piyay la fini, fwa sa krizokal p ap ka imilye m, ki s on trezò.

M ba w do, m ale m ale nèt, m swete w tout sa m pa t ka ofri w,

m konseye w jwenn yon bon dantis, k ap ka jere dan pou ri w.

Malherbe JOSEPH

(Relem Moun)

17/05/2023, 9è nan aswè.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...