Kwen Powetik Kècho (10 Me 2023).
Pwezi Libète...
Pwezi a lib, li pa kokobe, li pa mache bwete paske l byen tete.
Wozo se non chak grenn estwòf, kote nan van lide yo ka pliye san yo pa kase.
Epi vè yo tankou fèy sou dlo lamiz, y ap pawaze nan yon chuichuichui amonye.
Zanmi, frè ak sè powèt, yo chak nan yon mond diferan y ap pentire lavi.
Imite kèk ansyen pou kontinye fè zorèy moun plezi, paske pwezi pa dwe mouri.
Len poko menm konn lòt, men gras chak tèks ou ka wè n s on fanmiy.
Inite a gentan parèt klè, lakay ni sa k deja papiyon, ni sa k ankò cheniy.
Bèl refleksyon abiye nan pwoz oubyen nan vè prèske chak jou paske ekriti se zam nou.
Èt mistik ki kwafe atizay literè sa, pa janm sispann enspire n chak jou.
Tèt nou te mèt cho, depi n tande pwezi lespri n gentan poze tankou ma kafe.
E nou p ap dekouraje paske fòk pwezi reziste nan mitan medyokrite.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
10/Me/2023, 8è nan aswè.

Commentaires
Enregistrer un commentaire