Kwen Powetik Kècho (31/05/2023).
Charabya...
Tou dousman
ou g on leman
nan sous ou
ki konvoke m
ki fè m
pèdi kran
m vin san dan
douvan w
ayyysssss
m ta mòde
kochon gra w
nan tibèf toufe
m ta kale
dekale
pistach griye w
machinen w
akote
pran pilon w
ak kout manch
pile tonmtonm
nan fant
kalalou w
dezabiye w
degaye pye w
soufle zèb ou
dejwe w
pou m rejwe w
banm entèvyou
debou
sou jenou
avèk
mikwo m
nan bouch ou
pou alsiyis
fè w sou
pou
kout lang ou
fè m mou
kou chat plenn
kout kouto
san mak
gouyad ofisyèl
san plak
m ap pran w
pa bak
pou m ka
loreya
plen katchim ou
tabak
wouze w
avèk de twa
kout koko makak
plede bobo w
jwe twoubadou
sou po w
pou senti w
ap fè kow ! kow !
pow ! pow pow !
tankou
kout tanbou
lè yon sèvitè fèy
ap bay gonbo
nan bitasyon
jouk m al
monte sou do w
pou m layite
tankou bazilik
nan kivèt blan w
pou chandèl anm
ap fè chika
nan kafou
demanbre w.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
31/05/2023...

Commentaires
Enregistrer un commentaire