KÈCHO RIBRIK AK KLE (05/05/2023)





N ap chèche konnen
N ap aprann konnen
N ap aprann ou konnen 

Kècho ribrik pou jodi Vandredi 5 Avril la chita sou yon sijè sikolojik ki gen pou tit "ENPAK DEPLASMAN YON KÒLÈG SOU SANTE MANTAL LÒT KÒLÈG YO." Entèvenan sikològ Edny PIERRE, sikològ, diplome nan jesyon dèy oubyen separasyon, li se sikològ klinisyen tou ki travay avèk moun ki soufri kriz epileptik, sa yo rele "Malkadi", e li se petèt premye ayisyen nan peyi D Ayiti ki te rive ekri memwa li sou yon sijè konsa (Prizanchaj moun ki soufri maladi tonbe).

Ribrik sa repati konsa e se aktivite ki rele Jedimantal la ki patwone l :

-Toke (tokèt)

-Chay 

Kisa yon espas travay ye?

Kèk efè pozitif travay genyen sou sante mantal moun.

Kisa yon deplasman ye?

Kèk bagay ki ka koz deplasman yon kòlèg.

Kòman deplasman yon kòlèg ka afekte mantal lòt kòlèg yo.

-Mete atè

Kèk pi bon solisyon pou w jere sante mantal ou nan moman deplasman yon lòt kòlèg.

-Toke a

Deplasman yon lòt kòlèg tankou deplasman youn nan de moun ki renmen. Se vre, deplase pa vle di disparèt oubyen mouri. Men, plizyè etid pwouve, deplasman yon kòlèg ka deranje sante mantal lòt kòlèg yo, ni patwon an tou. Selon yon rechèch sou "jesyon deplasman anndan yon antrepriz" POLL&RII te reyalize pou HeyTeam ak Start up, sou 1000 travayè fransè, gen anviwon yon tyè nan yo(31%) sante mantal yo deranje akoz deplasman lòt kòlèg ( Gilmar Sequeira Martins 08/11/2020; Adam Belghiti Alaoui, 7. Novanm 2022).

Nan peyi D Ayiti dapre kèk moun, se yon aksyon tranzisyon ak desepsyon, paske anpil fwa se nan menm jou moun nou ap vwayaje a yo konn okouran sou sa. Yon konpòtman ki lakoz kèk moun ralanti nan fwotman yo avèk zanmi. Selon yon patwon travay, premye fwa li te fin tande yon anplwaye li te byen envesti tan ak lide nan li pral vwayaje nan pwogram Biden nan, sa te choke l anpil.

Nan sosyete kote "woulman anplwaye (sa vle di deplasman ak antre travayè) fèt souvan nan yon antrepriz sa rele turn-over nan lang anglè a, gen anplwaye ki konn pa vle sosyabilize yo avèk nouvo anplwaye, paske yo pè abitye avèk yon moun ki ka deplase oubyen kite yo sanzatann.

-Chay 

Kisa ki yon espas travay?

Yon espas travay se yon kote kòlèg yo pataje bon relasyon afektif nan mitan yo.

Kèk efè pozitif travay genyen sou sante mantal moun.

-Bay lajan

-Favorize bon relasyon ant moun avèk moun

-Favorize devlopman anpil bon manyè, estim pèsonèl, elatriye.

Kisa yon deplasman ye?

Se yon aksyon ki chita sou kite oubyen sispann yon travay pou yon rezon kèlkonk.

Kèk bagay ki ka koz deplasman yon kòlèg travay.

Revokasyon, kontra a ki bout, demisyon, retrèt, vwayaj, et.

Kòman deplasman yon kòlèg ka afekte mantal lòt kòlèg yo.

Yo ka estrese, yo ka pèdi sans travay la, yo ka tonbe nan izole tèt yo, yo ka pa anvi gen abitid avèk oken nouvo kòlèg, yo ka tonbe nan depresyon, yo ka vin panike anpil (laperèz), yo ka konteste lejitimite sitiyasyon ki koz deplasman an, yo ka vin pa ka bay menm randman an ankò, yo ka vin gen yon konpòtman absanteyis nan travay la, sa vle di yo la men se tankou yo pa t la, elatriye.

Kèk pi bon solisyon w ka itilize pou w jere mantal ou nan moman deplasman youn nan kòlèg travay ou.

-Rekonèt li nòmal pou w santi w tris akoz deplasman sa.

-Aprann òganize fèt pou deplasman yon kòlèg nan travay ou

-Toujou kenbe relasyon moun avèk moun nan avèk kòlèg ki deplase a

-Konsilte yon pwofesyonèl sou sante mantal, si w ta santi w pa ka jere deplasman la pou kò w. Pa janm ezite mande èd lè w santi w pa kapab paske tout sa k pa eksprime pral enprime, pou l ka deklenntche tankou yon mitrayèt otomatik chaje pou l tire nenpòt kote.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...