Kwen Powetik Kècho (11/05/2023).
Pantalèt...
Ou g on jan w kouvri jaden Edèn li, tankou bèl nap pwòp sou tab gani,
lè l kouche sou do de pye l gaye, dòmi pran l, pou m ap kontanple lavi !
Lè l kouche sou vant, de bò bounda l se premye ochan ki akeyi m,
avèk gòl mwen tire byen long, m ap gade pye mango l k ap di m : "vin keyi m".
Kit li tounèf, kit li pèpè, kit li chire, kit li gen twou nan fouk,
depi l kouvri po devan l, pyebwa m vin djanm tèlman pouse chouk.
Pantalèt pa ni bwat lèt, ni bwason enèjetik men l s on fòtifyan,
pou tout gason k ap kalalou oubyen k ap pran pòz kannannan.
Pantalèt, se yon drapo ki ta dwe desann sèlman devan moun ki gen sans responsabilite,
men anpil fwa l desann devan kadejakè, lajan ak moun ki soufri avitaminoz mounite.
Erezman pou yo pantalèt pa gen djòl pou l ta temwanye devan tribinal,
sinon, gen anpil moun ki t ap kòmanse respèkte pantalèt, tèlman l t ap enpasyal.
Jodi a m chwazi onore w, pantalèt, ou se rido devan pòt sen bab oubyen sen do kiyè fè,
lè m chwazi desann ou, m ka tou rantre nan paradi, konsa tou m ka plonje nan lanfè.
Fanm, konn kiyès w ap bay desann pantalèt ou, gason pridan, pa desann tout pantalèt,
paske anba pantalèt ou ka bwè lèt kabrit oubyen lèt bèf, konsa tou w ka pran nan chankalèt.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
11/05/2023, 7è nan aswè.

🫡 kenbe la zantray.. Mapoupou.
RépondreSupprimerMèsi 😂😂😂!
Supprimer