Kwen Powetik Kècho (25/05/2023).



M reve m f on rèv...


(Mwen) Panyen w poko souke, ou fin vann,

ou pa pot anyen, ou di w se machann.

(Repons) Non, se lanmou m pote,

kè kontan m vin simaye.


Yon lanmou ki pa souzantandi,

yon souri ki pa nan patipri.

Depi m abòde w, w ap beni,

si m touche w, w ap sispann dan di.


(Mwen) Ebyen, vin abòde m, vin touche m,

mennen m lakay ou, bwote m,

oubyen ban m suiv ou, tankou m te gaga,

kite m mache dèyè w, jouk sa kaba.


(Repons) Gad on ti nonm pou mwen, ou pa pè ?

ou pa menm konn si m pa yon atoufè.

Epi w gentan pantan sou mwen, san w pa frennen.

Bon! si w suiv mwen, epi w pa janm ka retounen ?


(Mwen) Zafè! depi m jwenn lanmou w ak souri w,

depi w dakò, montre m kòman w jere lavi w,

m p ap anvi tounen, se nan lanfè m ye

la, menm si w gen lajan, ou toujou malere.


(Repons) Kòman w fè kwaze m nan lanfè ?

Si la te lanfè, ou panse m t ap vin ladann ?

W ap plede depale, sanble w pèdi bann.

Si se konsa, pa suiv mwen non frè.


(Mwen) M kwaze w nan lanfè, paske w se repons priyè m,

ou se yon mesaje destine, pou vin soulaje bri kè m,

se pa depale m ap fout depale,

padon, m kontan, m dekontwole.


(Repons) Ò 😅! w ap dakò m bande zye w avan,

pou w pa ka wè ki wout nou pral pran ?

W ap dakò m mare men w nan senti m,

pou w pa fè erè manyen fui defandi m ?


(Mwen) Si se pou mwen n t ap deja rive,

ou deja ka wè m pa anvi kite w ale,

Kit ou se lavi, kit ou se lanmò mennen m,

paske nan peyi m 🇭🇹, pèsonn pa bezwen m.


(Repons) Se pa bezwen yo pa bezwen w vrèman,

men se valè w, yo pa chèche konnen,

ou kouvri avèk pousyè, malgre w benyen,

w ap toujou presye, paske w s on dyaman.


Se sa k fè, m ap kite w la pou w briye,

m te vin raple w sa, pou w sispann kriye,

peyi a bezwen w, ou poko gen ranplasan,

fòk ou akonpli misyon w, pa twò lontan.


M ap kite lanmou ak kè kontan pou nou, 

paske ayisyen bezwen kiltive sa, malgre n diferan.

Peyi a dwe repati sou baz lanmou ak kè kontan,

linite dwe zam nou, entegrite dwe nanm nou.


(Mwen) Ebyen m pa ka ret chita, fòk m al gaye nouvèl la,

m pral kòmanse konsyantize chak vwazen m yo,

vwazen m yo pral ede m konsyantize tout katye a,

katye a, vil yo, peyi a, pou Ayiti ka fè premye lo.


Malherbe JOSEPH

(Relem Moun)

25/05/2023, 4è P.M.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...