Konkou pwezi D.P. (Dimanch pwezi sou twitè)
Yon lòt Ayiti...
Ayiti ka vin yon lòt, si n pran konsyans youn lòt,
si n sispann konte sou zòt, si pwoblèm Ayiti vin ka youn lòt,
si n aprann refize mil goud pou grenn vòt,
nan machwè, nou t ap sispann pran kalòt,
avèk yon veritab chanjman, nou t ap vin matlòt.
Ayiti ka vin yon lòt, men, se pa nan kraze brize,
sa n te vin jwenn ki bon. Men, se nan chanje mantalite.
Gen plizyè gran peyi ki te tankou Ayiti,
gen ki te pi mal menm, yo vin bon, ou pa bezwen sezi.
Pou Ayiti vin yon lòt, fòk jenerasyon aktif jodi ta dakò soufri pou demen ka miyò,
fòk nou ta vin gen yon leta, ki pa tankou ti zam peta,
yon leta ki p ap ni mandyan, ni volè, paske se la pi gwo pwoblèm nou chita,
lè sa richès ineksplwate n yo, ap ka pèmèt nou f on echanj ekitab, avèk lòt peyi pou n sispann dòmi deyò.
Kòman Ayiti ka vin yon lòt ? Èske n pral chanje non an ?
se pa konsa frè m/sè m, koute m : "chanje non an, koulè drapo a, elatriye, p ap rezoud anyen,
men, puiske se moun ki fè peyi, se chak grenn ayisyen ki mati ki dwe chanje avan,
sinon apre chak eleksyon, n ap toujou nan plenyen."
Bon fout ! sanble Relem Moun kòmanse fou, ayisyen pa lajan papye, kòman y ap fè chanje ?
"Chak grenn ayisyen ki ka reflechi ap ka chanje, lè l chèche konn vrè istwa l,
lè sa l ap konn kote l soti, ki moun li ye, parapò zansèt manman l ak papa l,
l ap vin fyè pou tèt li, pou pèp li ak pou ras li e lè sa l ap difisil pou w ta devye l, dejwe l, pwazonnen l avèk lòt kilti pyeje."
Yon lòt Ayiti posib, e se vre, men se si n vle l, jan ansyen esklav yo te vle l la, jis yo libere,
sèlman, nou pa pral adopte koupe tèt boule kay la, men tou, fòk enpinite a ta sispann,
avan pou n ta mete fen avèk voye l ale a, bwa kale a, toutotan koripsyon an pa kaba vre!
Yon lòt Ayiti pa posib, nan chita pale, nan chita tann ak nan kanpe tann sèlman,
sinon nou p ap janm ka fè devlopman Ayiti a vini avan, paske n p ap ka g on bon bann.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
Jeudi 4 Avril 2023
9è nan maten.

Commentaires
Enregistrer un commentaire