Kwen Powetik Kècho (22/05/2023).
Lè w manyen m...
Lè w manyen m...
Lalin an m chanje katye,
mwen kanpe sou twa pye,
brakèt an m pran dife,
janm òw tounen ponpye.
Lè w manyen m...
Kò m vin tou piti,
po devan m grandi,
nan mitan w ki se yon paradi,
m ap charabya yon langaj pwezi.
Lè w manyen m...
M bliye si medsen te konseye m fè rejim,
m lage kò m nan vyann ou, m kite legim,
m anvi sakrifye bèt la, pi mal pase yon mesye bouche,
Kit nou frèt, kit nou cho, kit nou kanpe, kit nou kouche.
Lè w manyen m...
M tankou gout dlo k tonbe nan yon luil cho,
m fè tchwè, m fè bri pi mal pas on kout loray,
kabann nan se kridip kridap, l ap kòche miray,
dra, zòrye, matla fè tchaka, tèlman n bay dlo.
Lè w manyen m...
Se tankou m te pran nan yon nich foumi,
m vin san pozisyon, m gen vè, m ap manje dan,
m ap tranble, m swe, de men w ban m kouran,
kòd sèvolan m kase, depi w mete w toutouni.
Lè w manyen m...
Mwen pèdi tout bon sans mwen,
m vin san edikasyon pou bwa m kale w,
m anvi dechire w, kòlte w san m pa blese w,
tatonnen w fè w bave nan djòl mwen.
Lè w manyen m...
Mwen bliye ki jou m te fèt,
m ale m vini san m pa regrèt,
fè rantre soti san m pa pran retrèt,
paske karès ou yo ban m baboukèt.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
22/05/2023, 2è37 P.M.

Commentaires
Enregistrer un commentaire