Kwen powetik kècho (4 Mai 2023).


 

Lavi m s on rim...

Lavi m s on rim ki pa ni kontinye, ni plat, ni kwaze, ni anbrase, ni redouble, ni mele,
men, lavi m s on rim ki pèsonèl, lè m kontan oubyen lè m ap kriye jiskaske nen m fè larim.
Lavi m s on rim anndan pwezi peyi m, k ap plenyen nan mitan chak vè, lè pwoblèm lavi a vle keyi m,
lavi m s on rim kote chak rega m s on kout plim, k ap dèkòtike sa m poko konprann, pou m pa depale.

Si pa t gen ekriti, si m pa t konn ekri, lavi m pa t ap gen oken sans,
paske gen bagay m pa ka rakonte moun, m pito f on paj kaye konfyans.
Prefere m rakonte lonbraj mwen kèk bagay sou istwa m,
oubyen m rantre nan simetyè a, al pale devan tonb papa m.

Lavi m s on rim ki makiye avèk krim.
Lavi m s on rim ki toujou konprann kri m.
Lavi m s on rim sou defèt mwen ak prim.
Lavi m s on rim dan rachòt ki pa ka ri m.

Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
4 Mai 2023, 12è nan apre midi.



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...