Kè m, ap lache... Pandan kè m ap lache, m pa deside abandone, paske m poko wè sa m pral kite, pou jenerasyon apre m nan pa twò fòse. Ti moso apre ti moso kè m ap rache, san dlo, zye m ap plede kriye, souf m ap bout, poumon m rele anmweeeeee! paske respirasyon m vle pran konje. M poko menm jèn, m gentan fin granmoun sou pye, tankou mang lavi vle manje m san matirite, tèt mwen cho, m ap mande kote sa prale Bondye ? Ou sanble pa wè, Ayiti preske nwaye tankou bato negriye ! Epi m tand on vwa ki di m Relem Moun leve, pran megafòn ou, nan kafou sa, al kanpe, pale byen fò, sa k gen bon antandman va tande, di ayisyen yo pou mwen, tounen sou wout linite. Menm kote a mwen wè m reveye, tou esoufle avèk ponyèt mwen gonfle, tankou m te nan yon konba, san abit pou retranche, se lè sa m sonje n se premye pèp nwa, ki te akouche libète. Se sa k fè, anpil lòt pèp p ap janm zanmi n vre, paske avèk zong nou n te f on lame, dan kanni nan djòl Napoleyon, nou te rache, drapo esklavaj la n te dechire, bwa kal...