Kwen Powetik Kècho (24/04/2023)
Ti pèp ka pran move kou sa papa !
Pèp ayisyen tèlman ap pran kou,
san l melanje avèk po kò l fè kalalou,
nan bòl koripsyon, ensekirite ak grangou,
prèske chak jou se kadav k ap di l, Bonjou !
Pèp ayisyen tèlman ap pran move kou,
m ap mande, ki lè n ap kale zye nou ?
pou n sispann mache sou jenou.
Ki lè n ap refize pidza nan plas pendou ak rapadou ?
Pèp ayisyen tèlman ap resevwa gwo kou,
kò l vin anestezi tankou moun ki sou,
li pa voum! li pa pwèt! li vin ti sousou,
l aksepte viv mal e pi sal pase moun fou.
Pèp ayisyen tèlman ap pran move kou,
li vin alzaymè, li vin avèg, li tonbe nan twou.
Jèn gason kou jèn fanm seksyalize dezyèm twou,
pou chèche plen vant yo, nan manje san gou.
Pèp ayisyen depi lontan ap pran move kou,
avan, pandan ak apre endepandans nou.
G on bann peyi ki p ap janm renmen nou,
li lè e li ankò tan, pou n ta kale zye nou.
Malherbe JOSEPH (Relem Moun).
24/04/2023, 8è 00 A.M.

Commentaires
Enregistrer un commentaire