Kwen Powetik Kècho (25 Avril 2023).
Ayiti n an danje!!!
Anpil san ap koule,
anpil moun ap tonbe,
Ayiti prèske trepase,
anba men ensekirite.
Anpil kay ap pran dife,
anpil moun al kache,
Ayiti gen tranche,
men pa gen lopital pou l akouche.
Anpil moun deja vwayaje,
al pran souf yon lòt kote,
sa k pa ka ale tonbe kriye,
peyi n an danje.
Malherbe JOSEPH (Relem Moun)
24 Avril 2023, 3è apre midi.


Pou mw menm, m panse w gen anpil, anpil kichòy nan tèt pou w depoze toujou. Kontinye konsa!👍
RépondreSupprimerMèsi anpil fanmiy 🙏🏿!
Supprimer