Kwen Ti Jwèt Kècho (18 Novanm 2021).
Moun bat bravo, bravo gen 5 lèt
avèk men yo jeneralman ki gen 5 dwèt
Men nou yo gen avan bra ak bra
Bravo san vo se bra
Nou konn bat bravo tou pou moun ki brav
Poutan, bravo san O pa ka fè w brav
5 dwèt ak 5 lèt
Ki melanje tankou kafe ak lèt.🤔!

Yon ti jwèt ki merite bravo...
RépondreSupprimer