Kwen Powetik Kècho (15 Avril 2023).
Si pye w ta chape.
Dòmi ta epi leve bonè si w vle fè bonè w.
Travay entelijamman pou w jwenn respè w.
Limit ou dwe vini avan siksè nan diksyonè,
men, nan vi w se siksè w ki dwe bay limit limyè.
Yon jou lavi gen pou l peye w pou efò w, w ap bèl.
Antouraj ou, gen pou pran w kòm modèl,
paske w te kanpe anfas echèk, tankou yon rebèl.
Pa twò prese pou w pa kase zòtèy ou non, katèl!
Chak moun k ap viv gen yon jou nan 365 lan,
yo gen tan yo anndan kantite tan y ap viv lan,
yo gen yon tan ki fikse pou yo vin gran,
pandan y ap travay, rete enb, san fè gran panpan.
Si pye w ta chape yon jou, ou p ap tonbe nèt anba,
menm si w ta tonbe anba, efò w yo va sèvi w matla.
Pou zo w pa brize, pou w ka kokobe. Leve, leve!
Si pye w ta chape, se paske w t ap chèche. Leve!
Malherbe JOSEPH (Relem Moun)
15 Avril 2023.

Relem Moun sa s on moun tout bon wi...
RépondreSupprimer