Kwen Powetik Kècho (30/04/2023).
Baton an chanje bout ✊🇭🇹!
Jwèt la make avèk lank san 🩸
pèp la tèlman kanpe dan ⚔️
anpil moun kòmanse pèdi kran
y oblije vin bay eksplikasyon devan gran ekran.
Nou wè sa linite ka fè
nou wè lè n chwazi pa pè
kòman n ka dechire kalson fè.
Sèl pou domaj kolateral, m enkyè,
kontinye demaske tout #kakatwè.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun 👉💡🧠)
30/04/2023, 9è nan aswè.

😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂
RépondreSupprimerLeevens se ou 😂🤣🤣!
Supprimer