Kwen refleksyon KÈCHO (25/04/2023).
Lè m te timoun, m konn wè granmoun ap leve kouri pou y al gade moun ki maske ak djaz k ap pase nan zòn nan. M konn wè granmoun ap leve kouri pou y al mete antant ant de moun k ap goumen, oubyen pou y al pote yon vwazen sekou. Jodi a, leve, kouri se pen kotidyen ayisyen.😫!
#TBDA/#TTA 👉💡🧠
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
4è apre midi.

Konnya, pa gen tan pou anyen ankò, se yon afè vant k ap regle. Se la l danje a.
RépondreSupprimerMezanmi 🤔, nou mele wi 😫!
Supprimer