Kwen Powetik Kècho (19 Avril 2023).


 

Ayiti!!!

Ayiti, gade jan w vin piti, ou vin redui pi mal pase chabon dife nan van k tounen sann.
Ayiti, pou jan w te konn bay pitit ou ak etranje manje, gade jodi a pi gwo nouriti n se san n.
Ayiti, ou te ede anpil lòt pèp pran endepandans, 
poutan sa fè kèk tan w sou depandans, gad on vye dans !

Ayiti, se pèl antiy yo te batize w wi, tèlman w te rich ak bèl,
alèkile w pa menm gen valè yon vye bwat poubèl.
Nan linyon ki se fòs, zansèt nou yo te kase chèn esklavaj,
alòske kounya, n ap fè linyon nan chantaj, limojaj ak bavadaj.

Anmwey yyyyyyyyyy ! pote m sekou, m bouke gade san frè m ak sè m k ap koule,
m bouke wè timoun nan lari, san paran ki pou pran swen yo, m fout bouke,
m bouke tande joudalis k ap pataje fo enfòmasyon sou jèn gason ak fanm k ap lite,
m bouke wè pwofesè k ap travay pou ti monnen, ki pa menm ka touche.

Ayiti, kisa w te fè w ap peye? èske w te joure paran w? di m ki granmoun ou te manke dega, pou m al mande l padon nan non w.
Paske lè m ap gad eta w jodi a, m twouve bagay sa pa ka senp ditou, paske menm pwòp pitit ou k ap viv lòt kote, pè site non w.
Wouyyyyyyyyyy! peyi a bay degoutans, li bay repiyans, peyi a santi kri... twòp krim!
Ayiti, tankou yon ansyen kòk gagè, ki tèlman pran move kou, li vin san plim.

Ayiti, yon jou m ka pa la ankò, men, m rete kwè bagay yo p ap rete konsa,
si n pa deside fè l ansanm, yon jou lanati ap frape pye l atè,
e l ap fè anpil dega, nan bouch anpil fanmiy l ap kite yon gou anmè.
M pa pwofèt malè, yon jou n ap sonje m te gentan di nou sa.

Malherbe JOSEPH (Relem Moun)
 19 Avril 2023, 11è A.M.

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...