Kwen Powetik Kècho (29/04/2023).



Kè m, ap lache...


Pandan kè m ap lache,

m pa deside abandone,

paske m poko wè sa m pral kite,

pou jenerasyon apre m nan pa twò fòse.


Ti moso apre ti moso kè m ap rache,

san dlo, zye m ap plede kriye,

souf m ap bout, poumon m rele anmweeeeee!

paske respirasyon m vle pran konje.


M poko menm jèn, m gentan fin granmoun sou pye,

tankou mang lavi vle manje m san matirite,

tèt mwen cho, m ap mande kote sa prale Bondye ?

Ou sanble pa wè, Ayiti preske nwaye tankou bato negriye !


Epi m tand on vwa ki di m Relem Moun leve,

pran megafòn ou, nan kafou sa, al kanpe,

pale byen fò, sa k gen bon antandman va tande,

di ayisyen yo pou mwen, tounen sou wout linite.


Menm kote a mwen wè m reveye,

tou esoufle avèk ponyèt mwen gonfle,

tankou m te nan yon konba, san abit pou retranche,

se lè sa m sonje n se premye pèp nwa, ki te akouche libète.


Se sa k fè, anpil lòt pèp p ap janm zanmi n vre,

paske avèk zong nou n te f on lame,

dan kanni nan djòl Napoleyon, nou te rache,

drapo esklavaj la n te dechire, bwa kale, pa gen kanpe, fòk Ayiti libere.


Malherbe JOSEPH (Relem Moun)

29/04/2023, 11è nan aswè.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...