Yon refleksyon ki baze sou konpetisyon ant moun ki soti nan kapital peyi D Ayiti, moun ki soti nan lòt vil yo, moun ki soti nan bouk zòn kanpanya yo ak moun ki soti nan zòn kanpanya ki pi rekile yo.
Ta sanble inimitye ki egziste ant lòm ak sèpan an, la jis kounya nan atitid kèk moun ayisyen. Dapre sa Bib la di, depi kreyasyon mond la, egziste tou, an Ayiti, ant moun kapital ak moun pwovens, moun pwovens ak moun swadizan andeyò, moun anwo bouk ak moun anba bouk.
Si nou byen gade, depi Wa te Kaporal, moun pwovens la oubyen moun anba bouk la toujou nan konpetisyon moun kapital la oubyen moun anwo bouk la, paske l konnen si l pa kraze bèt li pou l vin otimondèzafè, moun kapital la oubyen moun anwo bouk la p ap bay li valè.
Sa vle di, moun kapital la oubyen moun anwo bouk la panse l pa bezwen fè twòp efò pou moun konnen l, paske l kwè l eklere deja, san l pa konnen si moun pwovens la oubyen moun anba bouk la nan konpetisyon avè l, anba anba, pou yo sispann diskrimine l. 😂
Nan konklizyon, moun kapital la oubyen moun pwovens la oubyen moun anwo bouk la, anpil nan yo pa janm dijere pou moun andeyò oubyen moun anba bouk la vin fè estil devan yo.
Depi moun kapital la melanje ak tout lòt moun ki panse konsa yo jwenn yon ti opòtinite pou elimine oubyen bare wout nenpòt moun, ki soti andeyò lwen oubyen moun anba bouk la, yo p ap rate yon segond pou yo pa fè l.
Mwen kwè se sa k rive ansyen Prezidan Jovenel Moïse ak plizyè lòt ki mouri asasine sou pouvwa nan Ayiti.
Èske yon peyi konsa ka evolye vre si nou menm, Ayisyen, nou pa chanje mantalite nou ?
Reflechi sou sa...
Yo rele m Dino alyas "Nèg Kafe a"🙏!
Temwanyaj "Dino" oubyen "Nèg kafe a", lè m te fin li refleksyon li a epi m te mande l, pèmisyon l pou m ta pibliye l sou blòg sa.
Bonjou, Mr Malherbe, "Rele m Moun"
Mezanmi, se pa ti sezi m sezi, lè m fin li kalite koze w ekri apre w fin li ti tèks mw yo. M tèlman pa gen gwo non, men m te vle w korije m pou w fè m vin moun prèske menm jan avè w. Pou dat mwen wè m anwo latè sa, m santi pa janm vo gran choz pou kominote m nan tankou w.
Koze serye, se paske m pa ka kache w non mwen ki fè m ap oblije di w bon non mwen.
M se yon ansyen animatè mizik espanyòl nan radio Cap-Haïtien, 96.1 fm mono ak 103.1 fm estereyo. Emisyon sa te rele "Cita Latina!" Li te konn fèt chak apre midi, 4è pou 5è.
Mw te konn prezante jounal "Info 7 nan maten." Menm nouvèl an espanyòl m te konn bay tou, 4è pm, apre m te konn fin bay bilten nouvèl nan lang fransè menm kote a.
Mw rele Josué STÉPHEN, "Hissué" pour les intimes. Men pa gen anpil moun ki konnen si se mwen ase souvan yo rele Dino oubyen "Nèg Kafe a" se Dr Mésidor ki te kole m sobrikè sa, paske pwoblèm mw sekè m renmen fè move san epi m te konn santi m vle toufe apre. Dr Mésidor te di m, surlèzond, nan emisyon: Santé Live" nan radyo 4veh la, pou m pa bwè Kafe fò, epi se pou m diminye nan bwè kafe. Enben, depi lè sa, kan Dr Mésidor tande se mw kòm oditè ki rele pou poze kesyon nan emisyon an,
li di: an, "Nèg Kafe a!."
Se konsa m te jwenn solisyon pwoblèm mw an.
Se menm jan, lè m konn rele nan emisyon Rachel avè w yo, nan Sans Soucis, depi m rele,
nou di se "Bonnay Dugal."
Pou non Dino a menm, se pandan m tap anime yon emisyon Èspanyòl nan Repiblik Dominikèn, pou m te anonse yon mizik Nino Bravo chante ki rele "un beso y una flor," epi m te anonse, pa erè, "Dino Bravo." Se konsa lòt animatè Dominikèn yo tonbe ri, epi yo vin rele m, "Dino!."
M panse mw ase klè e onèt devan w.
M santi remèsiman m twò piti pou m di w pou apresyasyon ti tèks sa yo ke m pat panse w tapral ba yo valè konsa.
Okontrè, m panse w tapral rale zòrèy mw, pito, pou fè m vin pluzoumwen vin moun tankou w, kòm gwo tonton moun nan lèspri w ak kapasite ke Bondye ba w yo pou w epate tout moun lè wap pale.
Milfwa, mèsi, Mr Malherbe, "Rele m Moun!"🙏
Commentaires
Enregistrer un commentaire