Kwen powetik kècho (4 Oktòb 2021)
M anvi...
M anvi bagète w tankou tanbou
djaye arebò tab ou fouye vodou
bwè w tankou kleren san m pa sou
trase vèvè sou kò w rive nan fant lakou
fè madjigridji sou papye tenbre w
rele aysss bobo nan pwent tete w
jete twa degout atè pou m rele w
vin manje mayi griye m nan tabliye w.
Verite sou tanbou🙏🏿
Malherbe JOSEPH (Relem Moun).

Nan verite sa sou tanbou,
RépondreSupprimerapre dans sa tanbou p ap lou.