Kwen Powetik Kècho...
Kreyòl = Lang bosal ak Lang vòksal Gen moun depi w pale kreyòl depi pawòl ou yo san kras ou dwòl yo twouve w pa saj nan bondòw y ap resite tout pasaj bon ! si w pa ka "Exprime-toi" menm ou deja kaka ti chat sèke w pa te gentan pase sou ban lakay Koyo y ap trete w tankou yon vye veso pou anpil nan yo kreyòl la se langaj moun sal bosal ak vòksal moun ki san levasyon esklavaj mantal la fè yo refize pale kreyòl "tu as un beau vagin" se wawww ! w ap jwenn bravo "ou g on bèl bòbòt" se mezanmi wooooo ! kòman w bawòk konsa ti gason sa ? m pa bezwen di w si boubout ou gen malè li manyen fouk pantalon w pandan bwa w rèd epi l di "ou g on gwo zozo vre wi papi" menm kote a nan ginen tou pran dife kòman w pale lèd konsa pitit ? kote w jwenn avèk gwo mo sa yo ? kote w te lekòl menm ? li gentan merite yon bwa kale bagay sa yo ak anpil lòt ankò lakoz anpil moun ap viv an kreyòl pandan y ap goumen pou yo pale fransè ki se lang kolon an padon, lang entelektyèl yo ...