Kwen Powetik Kècho...
Dèyè mòn gen mòn...
Menm lè w
pa wè mòn nan
pawòl sa
s on plòtonn fisèl
kat ti mo
ki ka voye w
nan syèl
avan lè
lè w kwè
ou se towo
lè ou twòp pou tè
ou ka dòmi
san janmen
reveye.
Nan bounda
pawòl sa
g on reyalite
piman bouk
kit ou soti
anwo bouk
oubyen
anba bouk
kit ou mete
soulye
kit dwèt pye w
ap grafonyen
latè.
Lè w tande
yon granmoun
repete
pawòl sa
sèke l bouke
li pa ka tann
jistis k ap sot
anwo a
li pral wè
si se vre
lè w pa kwè
g on magoul won
ki pral chavire
tou pre
lantouray la.
Ou gran timoun
dayè w
foubi dan w
pou kò w
pa mande m
detay
m pa detayan
se gwosis
mwen ye.
Depi w tande
ayisyen di w
dèyè mòn sa
w ap gade la a
gen yon lòt mòn
konnen
avan lontan
avan solèy la
ranje kabann li
g on zetwal
k ap tenyen
kanmenm
paske l kwè l te
ka bouche
zye syèl la.
Mande Bondje padon
foutttttttttt
si l ta di w
tann sa vye.
Antouka
kreyòl pale
kreyòl konprann
fè respè w
pou yo pa fill
pou ou
dèyè mòn
ki gen mòn nan
paske
si w pa vwayaje
ou ka pati tankou chen.
© Malherbe JOSEPH
25 Dawout 2023.
#Photo a : Google ki prete wen y !

Commentaires
Enregistrer un commentaire