Kwen Powetik Kècho...

Kreyòl = Lang bosal ak Lang vòksal
Gen moun
depi w pale
kreyòl
depi
pawòl ou yo
san kras
ou dwòl
yo twouve w pa saj
nan bondòw
y ap resite tout pasaj
bon ! si w pa ka
"Exprime-toi" menm
ou deja kaka ti chat
sèke w pa te
gentan pase
sou ban lakay Koyo
y ap trete w
tankou yon vye veso
pou anpil nan yo
kreyòl la
se langaj moun sal
bosal ak vòksal
moun ki san levasyon
esklavaj mantal la
fè yo refize pale kreyòl
"tu as un beau vagin"
se wawww !
w ap jwenn bravo
"ou g on bèl bòbòt"
se mezanmi wooooo !
kòman w bawòk konsa
ti gason sa ?
m pa bezwen di w
si boubout ou gen malè
li manyen fouk pantalon w
pandan bwa w rèd
epi l di
"ou g on gwo zozo vre wi papi"
menm kote a
nan ginen tou pran dife
kòman w pale lèd
konsa pitit ?
kote w jwenn
avèk gwo mo sa yo ?
kote w te lekòl menm ?
li gentan merite
yon bwa kale
bagay sa yo
ak anpil lòt ankò
lakoz anpil moun
ap viv an kreyòl
pandan y ap goumen
pou yo pale fransè
ki se lang kolon an
padon, lang entelektyèl yo
m t ap di, ki bò ? Ki lè ?
si w anvi powèt
pale fransè tande
menm si w
pete pwèt pwèt
jouk bondòw fè pèpèt
oubyen w plòt plòt
me gwosè pil li
depi se nan fransè
l ap gen bon lodè
nan twou nen
anpil moun
antouka
se pa fot
anpil nan nou
men se fason
yo edike nou
ti chouchoun
pou tifi yo
ak ti pati
pou gason yo
sa lakoz
timoun yo
vin mal alèz
pou yo pale kreyòl
jouk yo vin granmoun
se nou menm ankò
ki pa bay
lang kreyòl la valè
paske n pa fyè
pou tèt nou
dayè anpil nan nou
pa menm konnen
sa n ye
ala traka !
nou san idantite
se sa k fè
nou toujou
anvi kopye
sou lòt pèp
jis pou n parèt fòme
tande non !
kreyòl la
pa lang bosal
ni vòksal
si w te panse konsa
siye djòl ou
oubyen fwote l atè
paske
s on lang
tankou tout lang
men ki gen
pwòp karakteristik li
e se sa k fè bote li
ban m kreyòl an m
toutounikri tanpri ✍️.
© Malherbe JOSEPH
29 Dawout 2023
8è 50 nan aswè.
Commentaires
Enregistrer un commentaire