Kwen Powetik Kècho


 

Dlo sal...


Gen rèv dlo nan zye bwote

gen rèv san nan venn nwaye

avan lè yo nan kafou simetyè

pati tankou kout zeklè anba tè


tankou yon lavalas k ap desann

tankou dife boule bwa fè l fè sann

gen rèv ki pa briye depase krizokal

poutan se te lò andedan yon bokal sal


rèv gran pye ki pa gentan janbe yon kafou

rèv avèk zèl ki vole avèk pye yo plen labou

Ayiti se sèl peyi ki detui rèv moun avan l fèt

peyi kote siksè jèn yo trepase nan fich bòlèt


Laponyèt ranplase bòbòt fanm

boutlèg ranplase zozo flanm

twou kaka vin tounen bagay moun eklere

zonyon pa tranche ankò kounya se lanbe


Rezo sosyal yo tounen tribinal

se la yo jije ni vivan ni mò vivan

depi w enflyan w ka prezidan

pa repete sa pou w pa pran bal


Larivyè desann dlo pete kanal yo bouche

lari a santi di fatra me wotè kay yo inonde

eta peyi a se reflè konpòtman anpil nan nou

nou byen abiye santi bon men nou fout fou.


Malherbe JOSEPH 

Relem Moun

11è 23 PM, 02/08/23.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...