Kwen Powetik Kècho...
Ewo w ye !!!
Ou leve
ou pa jwenn anyen
ou ale lekòl
fè nivèsite
malgre sa
ou pa vo anyen
ou rete dwat
s on ewo w ye
Ou pa jwenn travay
ou kreye,
enstabilite kraze l
ou rekòmanse
avèk de men
pou bati demen
s on ewo w ye
s on ewo w ye
yon sitwayen responsab,
ou responsab
ou pa jwe lavi anba tab,
onètete w
pa negosyab,
s on ewo w ye
nan mitan rayisab
Ou toujou vle ede lòt,
lè w nan pwoblèm
yo di w lavoum,
malgre sa
ou gen lacharite
paske
s on ewo w ye
Yo fè w mal
ou mande byen pou yo,
ou viv byen avèk yo
yo ba w kou nan do,
ou pa jwenn resipwosite
men w rete moun
s on ewo w ye
Ou ta renmen wè
peyi w chanje
pasifikman w pwoteste
ou patisipe tou
yo fout ou bal
yo fout ou gaz
ou ret kanpe
s on ewo w ye ti jèn
Ou vwayaje
Ou retounen
vin pataje
pataje sa w konnen nan vwazinay
yo di w fou
gen foli kandida
s on ewo w ye
paske
ou pa deside kite sa
W ap mennen
W ap mennen lit
ki depase w,
w ap bay yo pas
pandan y ape takle w
w ap bay limyè
yo anvi etèn ou
ou s on ewo
nan mitan moun fou
Kiyès nan paragraf yo
ki sanble w ?
ou jwenn yon moun deja
onore w ?
si w ap travay
san enterè mesken,
konnen
Ou s on ewo
menm lè antouraj ou maltrete w
Malherbe JOSEPH
22 Dawout 2023
9è 44 nan aswè.

Commentaires
Enregistrer un commentaire