Kwen Powetik Kècho...
Gad eta leta !
Gad eta leta !
ki leta ?
Leta ayisyen
bon !
leta ayisyen
vin pi mal
pase chyen
tèlman li
bay lawonte
kè tounen.
Leta ayisyen
pa gen nen
pou li pran
sant fèy
machacha
bandi
ap bouyi
nan Kafou
li pa gen zye
pou li wè
menm palmis
ki nan drapo a
ap tann email
pou li lage
pye l
tonnè èèèèè!
M te kwè
leta se nou
nou leta
sa w ap di
konsa !
nou se leta
se vre
men leta
kanpe kont nou
depi kèk
tan
kòman w
te vle
pou m pale ?
Ebyen !
nan ka sa
leta ayisyen
nan yon
eta ki dezini
se sa k fè
sèl espwa
pi fò nan nou
se Etazini.
Leta
si w pa soud
n ap di w
Pattttttttti
chen !
© Malherbe JOSEPH
25 Dawout 2023
11è 25 nan aswè.

Commentaires
Enregistrer un commentaire