Kwen Powetik Kècho !
Fèmen bouche pòt ...
Pa resevwa
tout vizit
menm si li
tou zwit
kou lonbrit
pou lang ou
pa pedale
san kanpe
paske
depi l
negatif
menm lè
ou wè l
parèt piti
li gwo nèg
fèmen l
tou louvri
byen griyen
pou w ka
byen veye
epi gade
bouche li
san w pa
soud
pou w pa
konsome
nenpòt bagay
san konprann
seleksyone
sa ki bon
pou kay ou
paske
sa w ap wè
w ap tande
ak konsome
ka remèd
oubyen
pwazon lan
kont byennèt ou
Fèmen sa w
dwe fèmen
bouche sa w
dwe bouche
paske lavi w
s on kay
zye ou
zòrèy ou
bouch ou
se pòt
ki ka fè
bonè w
oubyen
malè w.
© Malherbe JOSEPH
26 Dawout 2023...

Commentaires
Enregistrer un commentaire