Kwen Powetik Kècho...



Raktoufff !!!


Devan touf raje w

g on rak bwa

ki kanpe

byen long

k ap fè kout tèt

chak lè van w vante l


Fèy yo gaye devan w

tankou pye bwa

ki nan sezon l

branch yo

tankou timoun

dan rachòt


mitan touf raje w

tankou 

s on boukan dife,

tèt rak bwa sa l ap dekale

jouk li vin wòz tou chòv

byen gonfle

tout kò l se rasin

fòtadi se ponyèt ferayè


Devan touf raje w

zèb zègiy fè mòlmèk

nan rak bwa sa

gen bwa kochon

zo devan

lyann bande

ak jouk li jou,

e depi w gen malè ou touffff

m ap rakkk tou jouk nou sou.


Malherbe JOSEPH

22 Dawout 2023

10è 15 nan aswè.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...