Kwen Powetik Kècho...



Mo yo ren men !!!


Nan san nou

nan nanm nou

mo yo konn

bwase ren


yo konn gouye

nan liy

sou menm rit

douvan sa ki

parèt san sans


pou moun

k ap fè lojik

ki twò kwè 

nan syans

egzak


moun ki wè 

atizay powetik

tankou

zafè moun

tèt kòlòk kòlòk


poutan

lè mo yo

bay lanmen

fraz yo renmen

jouk nan zo


nan mwèl nou

yo akouche

yon mesaj

lespwa


kote mo yo mache

men nan men

nan yon kominyon

pafè ki rele ekriti


gen moun

ki chwazi ekriti

konsa tou gen

kèk ekriti chwazi


men k ap

kache ekriti

paske yo pè

afwonte kritik


M ekri

pou m fè

tèt mwen plezi


depi lè m

fin reyalize

ekriti

se ren m

ak men m


avèk ekriti

lavi m

bwase ren

granmesi

fèy papye

lavi m lonje

men li.


© Malherbe JOSEPH

27 Dawout 2023, 12è apre midi.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...