Articles

Affichage des articles du octobre, 2023

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Silans!!! Gen kèk chwi chwi ki fè bri pase loray pase gwo wòch sou kay tòl gen pa pale ki di plis koze pase lang Konze ki te trayi Chalmay Peralt silans pa gen pri men souvan li trayi silans pa vle di lapè ou ka bouch be epi anndan w g on gè gwo trip ap vale ti trip vant ou vin soud san fil bouch ou koud. @relemmoun     26/10/2023      8 è nan maten ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Plim mwen ✅ Li te tankou vye zosman deseche lè sou li van Pwezi Libète te soufle fil arenyen ki te fin badijonnen kò l te lakoz lank li vante pi mal pase alkòl tib nan gòj li ki te sèk kou dezè te kòmanse vomi dlo pase rivyè li te dechennen nan chèche anba jipon lamiz li e depi jou sa li pa sispann pise rim nan gòj pwezi wi wi wi li te mouri kounya li resisite pwent tete fèy papye l ap mache karese li retounen pi nèf ak pi pwenti anba fouk syèl avèk yon sèl lank ki gen plis koulè pase lakansyèl lè l vomi se pawòl ki gen nanm ak fyèl li vomi lè l kanpe menm twal syanm pa ka jere boul grenn li tèt li gonfle epi l se djik djik tankou yon tizon san pran souf nan bounda enspirasyon. © Malherbe JOSEPH      26/10/2023       9 è 42 nan aswè ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
  M ale ✅ San m pa deplase m f on retrè tchoup  tankou pye cheve nan yon bòl soup m flòch tèt mwen m mete m nan kwen poutèt de na wè m yo kòmanse plen kè m pye sa m manje m p ap ba w m kouri travèse pou m sot anba w paske gen kèk ekskiz ki tankou pikliz sou manje san gou pou moun grangou yo pa soti nan kè ki sensè tout bon yo tankou janbon bon gou ki plen vè m ale san swete san m pa t deside paske m renmen nou m te alèz pami nou nou twouve n te byen aji poutan n t ap fè makakri pandan zye m t ap inonde akoz yon pwòch mwen ki trepase ala yon lavi sa se lanmò men m p ap viv avèk remò m ap kontinye avanse jiskaske nanm mwen repoze babay frè m/sè m n ap wè anwo a lè lanmò va kaba apre jou repo a pou n al rejwi nan bonè san bout la akote sila ki se sèl mèt bout souf lavi a. Bon travèse kouzin Valérie ❤️🕊️! © Malherbe JOSEPH      27/10/2023       8 è nan aswè ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Fèy O ! Gen fèy ki bon pou fè te pou moun moribon zo kase k ap bwete lè y ap mache fèy kase sèk ki pa fèy krèk fèy kole zo pou kole de zo fèy bay e li pran gen nèg tankou m ki pa ka wè fèy pann sou bit tè san yo pa anvi bwè de twa gòje gen fèy ki bouyi nan bonm vide nan bokit pou nouris chita nan koutim nou gen fèy tou kuit ki fè gason desann sou de jenou l pou l tete zye fèmen tankou ti bèf ki fenk fèt gen fèy pou moun ekri sa ki nan tèt yo pou fè moun kriye oubyen souri tout fèy se fèy avan w bwè tafya rèspèkte boutèy bwè te fèy lanbe fèy rèspèkte jaden chapo ba pou bit tè. © Malherbe JOSEPH      30/10/2023       2 è nan apre midi ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
Lè m ale ✅ M se sèl moun lè m ale anyen m p ap regrèt tout zanmi m seche dlo nan zye n epi fè fèt lè m ale. Paske m abitye manje defèt plen yon kivèt m fè ale retou nan lanfè menm lisifè m fè frèt demon yo bwè swè kò m pou yo jere #okèt mwen sot Ayiti lanfè pa anyen kaka k ap fèt! © Malherbe JOSEPH      23 Oktòb 2021 ✅ Jou yo ta kouri bri lanmò m chèche konnen si se vre depi nouvèl la konfime pa kriye selebre lavi m pito atravè sa m te renmen ak konn fè epi debare m kite m travèse depoze m sis pye nan pousyè pou vè solitè degiste kò m se sa m swete lè nan lapè m al repoze. © Malherbe JOSEPH 6 Oktòb 2023 9è nan aswè...

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Mezentèpretasyon ✅ Yèswa mwen kouche san dra sa pa vle di m kouche Sandra yo di raje yo gen zòrèy poutan yo bèbè reponn san konprann se chemen djòl bòkyè mwen santi m ta fè bagay san w pa mande m detay ou pa menm tann mwen fin pale, pa vre ! w ap mache di moun m te mande w koke lotrejou Betina jete yon timoun li takle pye l li bay li yon gwo so sou do hmmm! lide w gentan desann nan kanivo ou gen kè w di m te di l sot avòte, Timamoun ! m di w m poko janm pase mwa Mas isi paske m toujou lòt bò ap voye berejèn ou plede di lòt moun m pa renmen bere jèn m gen move mès epi m se yon masisi anpil nan nou renmen pale san nou pa te konprann nan djòl nou gen yon latchouloulout cho ki pa ka tann n ap mache tèt souke de pye gaye nou byen prese zòrèy nou sansib nan chèche koze pou n mezentèprete. © Malherbe JOSEPH 06/10/2023 ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
Lavi dwe fyè poutèt ou ✅ Konnen w se yon moun òdinè men ki ka reyalize gran bagay menm si w ap viv nan kay pay ou gen kapasite ekstraòdinè  konnen w se yon moun inik ki te kreye pou l briye menm si pafwa w dwe kriye ou gen yon orijin mistik konnen w se yon moun enpòtan nan zye w ak nan zye lanati lavi w pa ka fouti mal fini si w aksèpte prensip pou manman konnen w gen kapasite pou w fè mirak chanje mond lan rann ou imòtèl nan lavi lòt moun fè bon enpak ou gen kle pou w louvri pòt syèl konnen w se yon moun ki optimis w ap jwenn anndan kalamite w bon medikaman k ap prepare w pou w reyisi san rantre nan move vis konnen antouraj ou konte sou ou paran w vle ede w byen akonpli tèt ou  moun k ap tann ou echwe yo va ba w plis fòs pou w devore montay difikilte tankou bèt fewòs. © Malherbe JOSEPH 25 Septanm 2023  10 è nan maten ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
Egzil nan lakou w ✅ W ap viv lakay ou men w pa gen oken dwa paske s on mal ou te fè lè w vle ranpli devwa ou kòm tout bon sitwayen yo flanke w nan yon kwen yo fè w bèbè paske w pè oubyen foure w anba latè  deske w refize djòl baboukèt lè yo fin akize w kòm trèt ou pa gen dwa kritike sa w ye pou w ta replike dayè w s on esklav amelyore ou la tou men w s on pope boure yo mete w nan yon prizon moral kote liberasyon w s on grenn bal avèk lajan yo chèche achte silans ou ofri w gwo djòb ak menase fanmiy ou kantite ayisyen ki oblije pran egzil san yo pa ka f on pa kita yon pa nago plis pase ayisyen k ap viv lòt bò dlo s on bann zonbi eklere anba peristil. © Malherbe JOSEPH 23 Septanm 2023 8è 53 nan aswè ✅