Kwen Powetik Kècho...
Lavi dwe fyè poutèt ou ✅
Konnen w se yon moun òdinè
men ki ka reyalize gran bagay
menm si w ap viv nan kay pay
ou gen kapasite ekstraòdinè
konnen w se yon moun inik
ki te kreye pou l briye
menm si pafwa w dwe kriye
ou gen yon orijin mistik
konnen w se yon moun enpòtan
nan zye w ak nan zye lanati
lavi w pa ka fouti mal fini
si w aksèpte prensip pou manman
konnen w gen kapasite pou w fè mirak
chanje mond lan rann ou imòtèl
nan lavi lòt moun fè bon enpak
ou gen kle pou w louvri pòt syèl
konnen w se yon moun ki optimis
w ap jwenn anndan kalamite w
bon medikaman k ap prepare w
pou w reyisi san rantre nan move vis
konnen antouraj ou konte sou ou
paran w vle ede w byen akonpli tèt ou
moun k ap tann ou echwe yo va ba w plis fòs
pou w devore montay difikilte tankou bèt fewòs.
© Malherbe JOSEPH
25 Septanm 2023
10 è nan maten ✅


Commentaires
Enregistrer un commentaire