Kwen Powetik Kècho...

 

M ale ✅


San m pa deplase

m f on retrè tchoup 

tankou pye cheve

nan yon bòl soup


m flòch tèt mwen

m mete m nan kwen

poutèt de na wè m

yo kòmanse plen kè m


pye sa m manje

m p ap ba w

m kouri travèse

pou m sot anba w


paske gen kèk ekskiz

ki tankou pikliz

sou manje san gou

pou moun grangou


yo pa soti nan kè

ki sensè tout bon

yo tankou janbon

bon gou ki plen vè


m ale san swete

san m pa t deside

paske m renmen nou

m te alèz pami nou


nou twouve n te byen aji

poutan n t ap fè makakri

pandan zye m t ap inonde

akoz yon pwòch mwen ki trepase


ala yon lavi sa se lanmò

men m p ap viv avèk remò

m ap kontinye avanse

jiskaske nanm mwen repoze


babay frè m/sè m n ap wè anwo a

lè lanmò va kaba apre jou repo a

pou n al rejwi nan bonè san bout la

akote sila ki se sèl mèt bout souf lavi a.


Bon travèse kouzin Valérie ❤️🕊️!


© Malherbe JOSEPH

     27/10/2023

      8 è nan aswè ✅

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...