Kwen Powetik Kècho...


 

Plim mwen ✅


Li te tankou vye zosman deseche

lè sou li van Pwezi Libète te soufle

fil arenyen ki te fin badijonnen kò l

te lakoz lank li vante pi mal pase alkòl


tib nan gòj li ki te sèk kou dezè

te kòmanse vomi dlo pase rivyè

li te dechennen nan chèche anba jipon lamiz li

e depi jou sa li pa sispann pise rim nan gòj pwezi


wi wi wi li te mouri kounya li resisite

pwent tete fèy papye l ap mache karese

li retounen pi nèf ak pi pwenti anba fouk syèl

avèk yon sèl lank ki gen plis koulè pase lakansyèl


lè l vomi se pawòl ki gen nanm ak fyèl li vomi

lè l kanpe menm twal syanm pa ka jere boul grenn li

tèt li gonfle epi l se djik djik tankou yon tizon

san pran souf nan bounda enspirasyon.


© Malherbe JOSEPH

     26/10/2023

      9 è 42 nan aswè ✅

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...