Kwen Powetik Kècho...
Fèy O !
Gen fèy ki bon
pou fè te
pou moun moribon
zo kase k ap bwete
lè y ap mache
fèy kase sèk
ki pa fèy krèk
fèy kole zo
pou kole de zo
fèy bay e li pran
gen nèg tankou m
ki pa ka wè fèy
pann sou bit tè
san yo pa anvi bwè
de twa gòje
gen fèy ki bouyi
nan bonm
vide nan bokit
pou nouris chita
nan koutim nou
gen fèy tou kuit
ki fè gason desann
sou de jenou l
pou l tete zye fèmen
tankou ti bèf ki fenk fèt
gen fèy pou moun ekri
sa ki nan tèt yo
pou fè moun kriye
oubyen souri
tout fèy se fèy
avan w bwè tafya
rèspèkte boutèy
bwè te fèy lanbe fèy
rèspèkte jaden
chapo ba pou bit tè.
© Malherbe JOSEPH
30/10/2023
2 è nan apre midi ✅

Commentaires
Enregistrer un commentaire