Kwen Powetik Kècho...
Egzil nan lakou w ✅
W ap viv lakay ou men w pa gen oken dwa
paske s on mal ou te fè lè w vle ranpli devwa
ou kòm tout bon sitwayen
yo flanke w nan yon kwen
yo fè w bèbè paske w pè
oubyen foure w anba latè
deske w refize djòl baboukèt
lè yo fin akize w kòm trèt
ou pa gen dwa kritike
sa w ye pou w ta replike
dayè w s on esklav amelyore
ou la tou men w s on pope boure
yo mete w nan yon prizon moral
kote liberasyon w s on grenn bal
avèk lajan yo chèche achte silans ou
ofri w gwo djòb ak menase fanmiy ou
kantite ayisyen ki oblije pran egzil
san yo pa ka f on pa kita yon pa nago
plis pase ayisyen k ap viv lòt bò dlo
s on bann zonbi eklere anba peristil.
© Malherbe JOSEPH
23 Septanm 2023
8è 53 nan aswè ✅

Commentaires
Enregistrer un commentaire