Kwen Powetik Kècho...
Mezentèpretasyon ✅
Yèswa mwen kouche san dra
sa pa vle di m kouche Sandra
yo di raje yo gen zòrèy poutan yo bèbè
reponn san konprann se chemen djòl bòkyè
mwen santi m ta fè bagay
san w pa mande m detay
ou pa menm tann mwen fin pale, pa vre !
w ap mache di moun m te mande w koke
lotrejou Betina jete yon timoun
li takle pye l li bay li yon gwo so sou do
hmmm! lide w gentan desann nan kanivo
ou gen kè w di m te di l sot avòte, Timamoun !
m di w m poko janm pase mwa Mas isi
paske m toujou lòt bò ap voye berejèn
ou plede di lòt moun m pa renmen bere jèn
m gen move mès epi m se yon masisi
anpil nan nou renmen pale san nou pa te konprann
nan djòl nou gen yon latchouloulout cho ki pa ka tann
n ap mache tèt souke de pye gaye nou byen prese
zòrèy nou sansib nan chèche koze pou n mezentèprete.
© Malherbe JOSEPH
06/10/2023 ✅

🔥🔥🔥Kout plim ak sèvo
RépondreSupprimerMèsi anpil!
Supprimer