Kwen Powetik Kècho...



Lè m ale ✅

M se sèl moun lè m ale anyen m p ap regrèt

tout zanmi m seche dlo nan zye n epi fè fèt

lè m ale. Paske m abitye manje defèt plen yon kivèt

m fè ale retou nan lanfè menm lisifè m fè frèt

demon yo bwè swè kò m pou yo jere #okèt

mwen sot Ayiti lanfè pa anyen kaka k ap fèt!


© Malherbe JOSEPH

     23 Oktòb 2021 ✅



Jou yo ta kouri bri lanmò m

chèche konnen si se vre

depi nouvèl la konfime pa kriye

selebre lavi m pito atravè

sa m te renmen ak konn fè


epi debare m kite m travèse

depoze m sis pye nan pousyè

pou vè solitè degiste kò m

se sa m swete lè nan lapè m al repoze.


© Malherbe JOSEPH

6 Oktòb 2023

9è nan aswè...

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...