Kwen Powetik Kècho...


 

Silans!!!


Gen kèk chwi chwi

ki fè bri

pase loray

pase gwo wòch

sou kay tòl


gen pa pale

ki di plis koze

pase lang Konze

ki te trayi Chalmay Peralt


silans pa gen pri

men souvan li trayi

silans pa vle di lapè


ou ka bouch be

epi anndan w g on gè

gwo trip ap vale ti trip

vant ou vin soud

san fil bouch ou koud.


@relemmoun

    26/10/2023

     8 è nan maten ✅

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...