Articles

Affichage des articles du novembre, 2023

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Lè m rannifle kabich òw ! Mwen vin gwo bibit lè l ap sonnen ba w ba w pandan w ap fè lakilbit zonbi devan miwa w woule m de bò ra senti w nan koridò w pou m ap jwi w epi m kanpe fèm anba w tankou pikan nan machacha w fimen tabak ou nan pip san po san tranche fè w kase lezo blayi w sou vyann san zo m fè w fè balansin nan tèt tiyo m tounen ti bèf nan manje gazon ou se rejim vajentaris mwen tout sa k fè m santi m gason dlo kokoye w se beny chans mwen ladann mwen konvèti batize m chite rekanpe renouvle ladann pou m ap fè rantre soti fann lanmè wouj ou dri dri dri... © Malherbe JOSEPH      9 Novanm 2023       Minwi de boul grenn ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Vètyè...🇭🇹📌 Yon pase ki fè n fou tou fyè menm lè se pa tankou ayè sitou kèk tan nou vin drivayè ayisyen nanchon kanson fè Vètyè senbòl inite ak rezistans Ayiti manman libète ak vayans avan 1803 nou t ap pote yon kwa apre 1803 nou te premye pèp nwa nou lib chapo ba pou ewo nou yo sou do vètyè yon jou vètyè toujou pa twò lontan fòk li fè klè san jou pou n sispann pran kou nan do. © Malherbe JOSEPH      13 Novanm 2023       3 è nan apre midi ✅

Kwen konsèy powetik kècho...

Image
Tann tan w  epi pran san w. Pa kite move eta peyi Dayiti chanje w fè w tounen bandi rete onèt epi kanpe dan di byenke m konnen li pa fasil men frechè kò se rete trankil lè w santi w vle deraye pran rekil ou vanyan epi w gen talan alò tann tan w pa kite kolè mete do w atè pran san w. 🫵🙏🏿🫂. #TTA/#TBDA Malherbe JOSEPH ✍️🇭🇹📌 10 Novanm 2023 9 è nan aswè !!!

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Lanmou se 🫂❤️! Lanmou se sa nou konprann ak sa nou p ap janm rive konprann lanmou se sa nou t ap atann ak sa ki rive sou nou sanzatann lanmou se dlo melanje avèk flanm ki netwaye ak epwouve tout sa de moun damou ap antreprann. Malherbe JOSEPH ✍️ 8 Novanm 2021.

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Lavi 🫂! Li koute chè men pèsonn pa konn pri l li gen plis valè lè klaksòn lanmò fè l di plètil li pi enpòtan nan bout li lè n san dan li tankou piwouli nan djòl mòbrid  li ranpli tou vid memwa l kout tankou tèt koulout nan fouk san bout li renmen bay kout ba li dwòl li engra li fè megri li fè gra li trè repwochan nan bay ochan lè l pran sa l te bay jijman li san fay kit ou pòv oubyen rich l ap sizonne w kou kribich lavi se yon byen mal yon kè kontan fatal yon kotidyen kanibal lavi pa anyen lavi se yon panyen mwatye vid mwatye plen. © Malherbe JOSEPH      7 Novanm 2023        Minwi 42 ✅