Kwen Powetik Kècho...
Lavi 🫂!
Li koute chè
men pèsonn
pa konn pri l
li gen plis valè
lè klaksòn
lanmò fè l di plètil
li pi enpòtan
nan bout li
lè n san dan
li tankou piwouli
nan djòl mòbrid
li ranpli tou vid
memwa l kout
tankou tèt koulout
nan fouk san bout
li renmen bay kout ba
li dwòl li engra
li fè megri li fè gra
li trè repwochan
nan bay ochan
lè l pran sa l te bay
jijman li san fay
kit ou pòv oubyen rich
l ap sizonne w kou kribich
lavi se yon byen mal
yon kè kontan fatal
yon kotidyen kanibal
lavi pa anyen
lavi se yon panyen
mwatye vid mwatye plen.
© Malherbe JOSEPH
7 Novanm 2023
Minwi 42 ✅

Commentaires
Enregistrer un commentaire