Manman m se t on nonm... Manman m pa t feminen, paske l te g on nanm etewo, yon vanyan gason, manman m te g on lanmou pou pantalèt, sa fè l te toujou mete bèl kanson, manman m pa t pouse pitit, men pou kò l, li te elve 7 timoun, manman m pa t gran fanm, men l te pòtre yon gran zouzoun. Manman m pa t feminen, men l te gen plizyè kalite w plis jwenn lakay fanm, manman m te konn lave, pase, fè mache, fè manje, netwaye kay, ranje kabann. Manman m te aprann mwen fè tout bagay sa yo tou ak anpil lòt ankò, se sa k fè kounya manman m travèse, m ka viv pou kò m, paske anndan m g on trezò. Manman m pa t rive lwen lekòl, men l te chwazi fè restavèk pou m ka met kòl, manman m te toujou renmen di m, pito m manje pen m sèch olye m bese zepòl. Manman m te gen karaktè, li te sevè, li te plezan e l te sansib pou respè l, devan respè l, WA pa t kouzen l PREZIDAN pa t bòpè l, li pa t ap pè fout ou yon pataswèl. Manman m pa t yon feminen, men l te elve m pou m respèkte fanm, manman m te damou fanm tou, li...
Commentaires
Enregistrer un commentaire