Kwen Powetik Kècho...
Lè m rannifle kabich òw !
Mwen vin gwo bibit
lè l ap sonnen ba w ba w
pandan w ap fè lakilbit
zonbi devan miwa w
woule m de bò ra senti w
nan koridò w pou m ap jwi w
epi m kanpe fèm anba w
tankou pikan nan machacha w
fimen tabak ou nan pip san po
san tranche fè w kase lezo
blayi w sou vyann san zo m
fè w fè balansin nan tèt tiyo m
tounen ti bèf nan manje gazon
ou se rejim vajentaris mwen
tout sa k fè m santi m gason
dlo kokoye w se beny chans mwen
ladann mwen konvèti batize
m chite rekanpe renouvle
ladann pou m ap fè rantre soti
fann lanmè wouj ou dri dri dri...
© Malherbe JOSEPH
9 Novanm 2023
Minwi de boul grenn ✅

Commentaires
Enregistrer un commentaire