Kwen konsèy powetik kècho...
Tann tan w
epi pran san w.
Pa kite move eta peyi Dayiti
chanje w fè w tounen bandi
rete onèt epi kanpe dan di
byenke m konnen li pa fasil
men frechè kò se rete trankil
lè w santi w vle deraye pran rekil
ou vanyan epi w gen talan
alò tann tan w
pa kite kolè mete do w atè
pran san w.
🫵🙏🏿🫂.
#TTA/#TBDA
Malherbe JOSEPH ✍️🇭🇹📌
10 Novanm 2023
9 è nan aswè !!!

Commentaires
Enregistrer un commentaire