Kwen Powetik Kècho...

 

Vètyè...🇭🇹📌


Yon pase ki fè n fou tou fyè

menm lè se pa tankou ayè

sitou kèk tan nou vin drivayè

ayisyen nanchon kanson fè


Vètyè senbòl inite ak rezistans

Ayiti manman libète ak vayans

avan 1803 nou t ap pote yon kwa

apre 1803 nou te premye pèp nwa


nou lib chapo ba pou ewo nou yo

sou do vètyè yon jou vètyè toujou

pa twò lontan fòk li fè klè san jou

pou n sispann pran kou nan do.


© Malherbe JOSEPH

     13 Novanm 2023

      3 è nan apre midi ✅

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...